Antrene aktivis yo pou yon rezistans dekolonize
Fritz J. Bernardin tradui 29 janvye 2018
Samedi 20 janvye a, Fritz ake'm te kwaze zanmi nou; avoka dwa imigrasyon e pwofesè. Nou te ale nan kafou 72yèm ri e Santral Pak Wès kote nou t'ap pale de tout manifetasyon nou ale ansanm depi jou Prezidan Trump te monte sou pouvwa a sa gen yon lane; ak tout enèji nou ap degaje pou nou leve kanpe, batay, rele pou di moun sa pa prezidan nou. Ane a, nou parèt twò fatige tèlman nou te fè lane pase pou nou te ka limite dega prezidans nan.
Se te yon kastèt pou tout moun ki ap fè travay sosyal, edikasyon, sante; menm moun ki ap fè travay emosyonèl pou ede lòt jere enjistis kotidyen, rayisans ak enpinite, sitou detansyon prevantiv nan sistèm imigrasyon ki ap taye banda; se yon travay emosyonèl ki fè nou enkyete nou e ki pouse nou pote plis atansyon a tout manb fanmi imigre yo. Anpil avwe nou ke yo pa jwenn bon akèy a koz orijin familyal yo. Nou dwe aprann timoun nan klas la e nan sant kominotè yo ke yo gen dinyite; ke eksperyans yo enpòtan, ke tout istwa yo enpòtan e ke yo tout se moun tankou tout moun. Aprann blan yo ke yo dwe defann tout lòt yo, ke rasis ekziste nan mitan nou, l'ap valkande. Pou n'antrene tèt nou e antrene zanmi'n yo pou yo pa rete bèkèkè ap vale tout tentennad; antrene kòlèg nou desitire agresyon seksyèl nan travay yo ak rezon nou bezwen fè fòmasyon sou sa...sa yo fè pati yon lis byen long ke nou p'ap janm ka fin site. Nou te pran yon gro souf epi nou te ale eksprime tout mekontantman nou nan manifestasyon an.
Men kisa m'te obsève: Nou dwe fòme aktivis pou fè reziztans. Nou dwe founi zouti nan yon sistèm sekirite pou takle tout «statuo quo» ki ap kenbe nou nan mizè. Pa janm gen anpil moun ki santi enpòtans pou yo denonse, kondane sa'k pa bon. Nou dwe montre kòman pou nou dirije yon foul avèk chante e slogan. Mwe rete kwè ke blan ki te bò kote'm yo te jis vle santi ke yo akonpli yon bagay epi yo satisfè-yo te vle resanti ke yo te defann yon group. Ke yo te la pou dwa fanm (pou fanm blan sèlman)-ke yo t'ap pwoteste kont yon sistèm politik ki ap soutni tout tan e san kache yon sistèm inegalite e rasis ki byen striktire- antouka moun yo te san edikasyon sou jan yon rezistans ta dwe fèt pou'l ateri tout bon devan yon enjistis sistemik. Se pa fòt yo men sa merite chanje.
Nou dwe fè plis fòmasyon pou aktivis sou beton an menm si se yon fwa nan ane; pale sou kòman pou nou batay kont tout sistèm opresyon nan lari a e tout kote nan anviwònman kotidyen nou, lakay kou nan travay. Nou dwe envite tout moun menm sila ki pa gen fòmasyon sou zafè sosyal, sante, edikasyon yo pou yo vin tounen lidè serye ki ap fè pwopagasyon e fòmasyon nan kominote yo ap evolye yo. Aktivis pa yon travay rezève pou elit eklere, se travay tout moun. Mwen santi si mwen ta pwopoze fòmasyon sa, anpil nan medam sa yo ki te nan mach la t'ap vin aprann, yo t'ap vin chèche zouti pou yo ka travay pi byen pou demantle pou tout bon sistèm opresyon an ak tout rasin. Alòs m'ta swete sa men si li pa ta sa tou, m'ap toujou gen espwa ke nou bezwen sa pou nou kapab brave tanpèt sa k'ap ratibwaze nou an.
Se rezon ki fè Zanmitay Collective ekziste jounen jodi a. Nou vle edike, soulve, e transfòme kominote yo pou abouti a yon chanjman social serye. Li komanse nan travay avèk kè nou pou nou deplase e repanse fonksyonnman nou nan travay nou, nan jan nou ap gade pase nou ki te difisil e menm defwa trajik. Nou vle fè travay sa a avèk tout moun ki vle reveye konsyans yo. Vini jwenn nou pou ou ka aprann e pase li bay lòt. Sa kòmanse la.