top of page

Poukisa dekolonizasyon patenarya Ayiti yo enpòtan

Fritz J. Bernardin tradui nan dat 26 janvye 2018

Jedi dènye (19 janvye 2018), lè nou te demaske prezidan Donald Trump pou atitid rasis li avèk tout remak malveyan li te fè sou Afrik e sitou Ayiti, kote li rele yo «twou latrin»; sa fè nou sonje ke n'ap fè travay sa n'ap fè a la. Tout sa prezidan Trump te di yo se te pawòl rasis; pa ekzanp, anvi prezidan an se genyen plis imigran nòvejyen, blan, nan plas imigran afriken oubyen ayisyen. Koze sa te choke tout moun e nou ta dwe choke tou paske prezidan Etazini ap pale konsa. Malerezman, pèsepsyon sa a sou teritwa ak espas ki te kolonize yo pa yon bagay nèf. Ebyen, se menm pèsepsyon sa ki te fè konprann ke kontinan afriken an pa't anyen lòt ke yon jeng sovaj e sa te sèvi kòm rezon pou fè envazyon kolonyal avèk tout okipasyon nan tout kontinan nan peryòd 15yèm, 16yèm, 17yèm syèk.

Okipasyon Ameriken avèk tout gagòt yo nan devlopman ekonomik la lakoz Ayiti vin depann totalman e mete espwa sou èd mondyal avèk efò volontè, misyonè ki pa ka konprann ke se menm atitid/filozofi kolon enperyalis yo ki koz ke blan ap plede rantre-sòti pou vin ede peyi pèp nwa, epi travay sa yo anpil fwa pa itil yon mèd.

Koze Ayiti se yon «twou» a se yon opinyon ki pataje pami moun ki pa menm nan danse kole avèk prezidan an nan politik. Sila yo ki vle fè «bon» travay a letranje yo, e sitou an Ayiti, rate konsepsyon «EDE» a paske lè y'ap pale de eksperyans yo, se menm yo menm ki ap dekri ke peyi a avèk abitan li yo pòv, sal, enpwisan, nan mizè, meprizab, kote lavi ensipòtab. Se konsa yo dekri Ayiti anpil fwa e menm jan prezidan an te di'l la, yon «twou».

Se rezon ki koz ke nou chaje travay pou nou fè, sitou sila yo ki vle zanmi kominote entènasyonal moun po fwonse yo (POC=Person Of Color) dwe fè efò pou dekolonize sa y'ap di yo sou espas avèk teritwa kote yo te fè eksperyans yo.

Lè mwen t'ap travay an Ayiti nan lane 2014-2015, mwen te fristre anpil paske mwen pa't ka dekolonize travay mwen - e an tan ke fanm koulè blan meriken, mwen te toujou twouve'm nan pozisyon pou m'ap travay sou sa mwen pa konnen avèk yon kominote ki pa pou mwen. Bagay sa te toumante lespri'm epi lè mwen reyalize ke nan rezo kote m'ap mache e idantite'm, mwen pa ka debarase'm de eksperyans mwen an tan ke amerikèn pou'm ka soutni kominote ki te enterese'm yo. Antouka, m'pa't ka ede san yon refleksyon pèsonèl e san patenarya ki onèt, sansib e senp avèk ayisyen ki deja sou beton an.

Lè Fritz avèk mwen te deside kreye zanmitay Collective, se te aprè anpil diskisyon e apre anpil travay ansanm nan plizyè anviwonnman. Nou konnen ke travay sa n'ap fè a pa t'ap abouti si nou pa't onèt, si nou pa't gen sans responsabilite e san otorefleksyon kritik ki sòti nan sa ki reyalize yo, nan kestyone tout sa ki fèt selon istwa, orijin pèsonèl ki pa devwale e selon sosyete a.

Pou nou, sa ap dire tout lavi - nou vle kapab jwenn poto mitan pou nou kapab pataje sa nou konprann, istwa nou, koman nou ka pote yon chanjman ki etènèl nan mond sa a; kote ke nou pare pou nou chita diskite ansanm malgre tout difikilte yo. Nou vle pataje sa nou konprann, sa nou toujou ap aprann avèk tout moun. Nou vle envite tout sa ki vle pran desizyon an vin dekolonize jan nou panse e travay nou; pou nou pran pozisyon pou nou konbat tout fòm rasis ki toujou la pami nou, sitou nan blan meriken jodi a. Nou pa ka ni kouri, ni kraze, alevwa pou'n ta kite sa, e sa ki pi difisil la, nou dwe kapab fè otorefleksyon kritik paske se li ki ka louvri konsyans nou avèk kè nou. Vini jwenn nou e antre nan konbit zanmitay collective la.

bottom of page